top of page

MEODH

Sit entènèt ofisyèl

Yon Ekzanp nou dwe imite

Daprè sa la pwofesi ki paka bay manti te anonse, nap viv dènye moman istwa la tè, se yon devwa pou chak kretyen pou yo rasanble tout fòs yo, e pèmèt travay Mèt la ale pi lwen, pou mete yon bout nan preche levanjil toupatou sou la tè, e fè benefis nan dènye gwo viktwa ke legliz Jezi Kris la pral ranpòte.

 

Mouvman legliz Advantis la kòmanse nan peyi d’Ayiti zònn lane 1901. Nan sousi pou pouse bak levanjil ki pèmèt moun sove-a pi lwen, yon Pastè Ameriken ki rele Loughborough te remèt yon kaptenn bato ki tap pote machandiz O kap Ayisyen yon bwat ki chaje ak papye konsènan zafè la relijyon, epi yon ti liv ki pale sou saba 7e jou-a ke yon lòt sitwayen Ameriken ki rele John Nevins Andrews te ekri, avèk pawòl sa-a sou bwat la.

 

Pen ki bay lavi a nou dwe Simaye...

Klike, pran, mete sou papye epi al simaye

bottom of page