top of page

MEODH

Sit entènèt ofisyèl

Misyon ak Vizyon Nou

 

Alòs ke nou chita byen fèm sou 28 blòk verite fondamantal Legliz Advantis 7e. jou-a, sit entènèt sa-a se yon mouvman layik ki kwè se devwa tout konbatan pou bay predikasyon retou Jezi-a plis fòs toujou. Se poutèt sa, na’p simaye levanjil tan lafen-an, mesaj 3 zanj yo nan le mond antye, se li ke nou bay premye plas nan epòk pa nou-an, sa vle di Jezi pa twò lwen poul retounen.

 

Nou sèten gen zanmi kap mande, kòman yon ti gwoup konsa ka rive souke le mond? Sonje nou gen yon gwo ekzanp, li posib menm jan premye kretyen yo te rive fè sa, anba gwo pèsekisyon kèlkeswa kote yo te pase.

Avrèdi, se yon ministè pèsonèl ki pa fèt pou moun fè lajan. Nou kalkile si nan yon semen gen 168 è ladan’l, nou reklame nan men chak travayè 2 è de tan sèlman pa semenn pou travay nan jaden rekòt Mèt la, nan fè sèvis misyonè volontè. Responsab aktivite layik nan chak legliz pral ramase yon rapò pou konnen konbyen fèy papye ki distribye e di legliz la sa nan 10 minit layik la, sa va pèmèt li ankouraje moun ki pa twò enterese travay. Kounyè-a, rapò sa-a pral jwenn reprezantan mouvman-an nan vil la. Chak mwa yon rapò pral prezante sou sit la pou mezire travay ki fèt nan tout peyi.

 

Frè’m ak sè’m yo, menm jan lè yon bri fèt eko-a gaye tou patou, travay sa-a pral kleronnen nan zòrèy tout moun sou la tè e pèsonn paka di yo pat tande mesaj 3 zanj yo ki te envite yo:

  1. Adore vrè BonDye-a.

  2. Sòti tout boulinn kouri kite Babylòn.

  3. Sonje gen yon jou jijman kap ret tann tout moun.

  4. Pi gwo koze-a se retou Jezi ki ka rive fèt san zatann.

 

Kòm rezilta travay misyonè sa-a, yon bann ak pakèt moun ke pèsonn pap kab konte, pral sòti nan tout nasyon, ras, pèp ak divès lang, ya gen pou yo kanpe devan twònn nan e ansanm n’a va loue sila-a ki se gran Liberatè nou pou tout tan gen tan.

 

bottom of page