top of page

Sit entènèt ofisyèl

MEODH

Mesaj

Smith kòmanse simaye papye ki te nan bwat la bay chak moun ke’l te kwaze sou chimen’l. Ephraïm Gracia, pitit yon bòs mason te resevwa yon fèy papye nan men Smith, te lage koze sa-a nan zòrèy Michel Nord Isaac ki te direktè lekòl li, sou ekzistans yon doktrinn tou nèf ki fèk parèt sou Saba 7e jou-a. Misye te yon gwo predikatè djanm nan legliz Wesleyenn O kap Ayisyen. La pou la, li kòmanse preche mesaj sou saba 7e jou-a.

 

Yon Pastè batis ki tap dirije yon legliz nan Gran Rivyè di Nò envite Michel Nord Isaac preche pou’l bay plis enfòmasyon ak legliz li-a. Aprè prezantasyon mesaj sou Saba 7e jou-a, fanmi Dorsainvil, Blot, Guerrier ki sòti nan Gran Rivyè di Nò pran nan kouran. Fanmi Théodore, Jean-Baptiste, Heriveaux, Gründer, Riché ak Mercier ki te sòti nan vil Kap Ayisyen aksepte san rezèv saba 7e jou-a.

 

Lonè ak respè-a te rive jwenn Michel Nord Isaac, yon jenn predikatè 27 lane ki te simaye doktrinn tou nèf sa-a nan tout Nò peyi d’Ayiti, wo Latibonit e men’m nan Nò wès peyi-a li te mennen anpil lòt fanmi aksepte doktrinn Saba 7e jou-a.

 

Nan lane 1911, mouvman-an te tèlman grandi ke Pastè ki te sou teren-an te oblije mande konkou Pastè ki nan peyi lòt bò dlo. 2 lòt Pastè te vinn ofri èd yo: Saveur ak Tanner debake younn deyè lòt pou bay mouvman-an plis fòs toujou. Nan yon ti tan, mesaj la rantre Pòtoprens e fanmi Beaupin, Pinson, Desvarieux ak Lecorps te resevwa’l ak de bra.

 

Nan lane 1916, Pastè André Roth ki te soti nan peyi Lafrans vini kòm Responsab tou òganizasyon Advantis la nan peyi d’Ayiti. Nan yon lane, yo te reyalize premye rasanbleman jeneral nan vil Piyon nan Nò peyi d’Ayiti. Rive nan lane 1919, yon dezyèm rasanbleman te fèt nan Gran Rivyè di Nò. Lè sa-a moun yo mache plizyè kilomèt sou de pye yo, pou yo ta’l assiste gwo evennman sa-a. Epi nan lane 1920 mesaj la te rantre nan vil Jakmèl nan Sidès peyi d’Ayiti gras ak devouman 2 pastè: Arioste Péan ak Méry Abel.

 

Dirijan misyon ayisyen-yo ki santi nesesite pou fòme plis jenn pou yo ka fè mesaj la rive pi lwen e avèk plis fòs toujou rive achete yon teren nan zònn vodrèy nan mwa janvye 1921 e mete kanpe yon lekòl ki te vinn rele: “Seminè Advantis dikini” e Kounyè-a li rele:”Inivèsite Advantis d’Ayiti”.

 

Se ladan’l tout pastè ak dirijan legliz la resevwa fòmasyon. Mesaj saba 7è jou-a te tèlman vinn popilè, nan lane 1922 zònn Sid ak Grandans te resevwal pa mwayen kèk frè tankou: F.D. Apollon, Tousnel Alexis, ak Noroy Théodore.

 

Se jis nan lane 1931 ke biwo misyon Ayisyen-an rive transfere nan Potoprens kapital peyi d’Ayiti e nan yon ti tan tout kout, mesaj la te finn pran tout peyi-a nèt. Finalman, òganizasyon legliz la nan peyi d’Ayiti rive fèt gras ak travay yon Pastè ki te sòti an Frans ki te rele André Roth. Nan lane 1936, li pran tèt misyon-an e li te mete kanpe lekòl Advantis Vètyè ke madanm li tap dirije, se yon fanm vanyan ki konnen sa’l tap fè-a byen.

 

Se konsa mouvman-an ki te kòmanse tou piti, yon fason ke moun pat ka konprann nan distribye fèy papye avèk yon ti gwoup ke men BonDye tap dirije, vini yon gwo òganizasyon ki rive penetre nan tout rakwen peyi d’Ayiti. Jounen Jodi-a, nou genyen:

 

Inyon tout misyon legliz Advantis 7e jou nan peyi d’Ayiti (UMASH), Federasyon Sentral Advantis 7e jou nan peyi d’Ayiti (FEDCHAS) ki gen biwo’l nan Pòtoprens, Misyon Sid Advantis 7e jou peyi d’Ayiti (MASH) ki lokalize’l nan O Kay, Misyon Nò Wès Advantis 7e jou peyi d’Ayiti (MANOH) ki nan Gonayiv, epi Misyon Nò Advantis 7e jou peyi d’Ayiti (MANH) ki nan vil O Kap.

 

5 lòt gwo enstitisyon ki ki gen kòm objektif satisfè bezwen pèp Ayisyen-an tankou: Ajans devlopman Advantis kap pote moun sekou (ADRA), Lopital Advantis la kap bay swen ak tout moun, Radyo esperans (4VVE) kap louvri je tout moun, Inivèsite Advantis peyi d’Ayiti (UNAH) kap distribye konesans, epi Fondasyon Advantis pou zafè edikasyon (FAE).

 

Frèm ak sèm yo, Mouvman Evanjelik Ovriye Dènye lè-a vle itilize menm teknik ke Pastè Ameriken Loughborough te fè-a. Nou pral simaye fèy papye toupatou sou la tè. Sa pral pèmèt tout moun konnen mesaj dènye okazyon 3 zanj apokalips 14: 6- 12 la. Moun ki grangou e ki swaf tande pawòl verite-a pral rann tèt yo bay Senyè-a byen vit avan pòt la gras la fèmen.

 

Pastè  Martin Thélusma

 

“Tanpri depoze sou waf O kap Ayisyen fèy papye sa yo, nan lide pou fè plis moun konnen mesaj nou-an.”

 

Kaptenn bato-a te fè sa Pastè Loughborough te mande’l la. Anplwaye la dwann yo resevwa bwat papye-a ki pat gen non pèsonn sou li, te remèt li ak yon etranje ki tap viv O kap ki te rele Smith, li te manb legliz Wesleyenn men li te gen lè te konn obsève jou Saba-a an kachèt san pèsonn lòt moun pat konnen.

 

 

Mouvman Advantis-la nan peyi d’AyitiA yè, Jodi-a ak demen

bottom of page