top of page

MEODH

Sit entènèt ofisyèl

Men istwa Nou

 

Pandan ke na’p reflechi sou pwofesi Mat 24: 14 la ki di: “Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bon Dye Wa-a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa-a atò lafen an va rive.”

 

Anpil moun ap poze tèt yo kesyon, kijan lap fè posib pou nou rive preche levanjil ki ka sove-a sèlman nan Jezi toupatou nan le mond antye, nan yon sitiyason difisil kote pitit pitit natif natal Izaak ak desandan Ismayèl yo, tou lè de se pitit ki soti nan ren Abraam, pa dakò ak reyalite relijyon Kris la, pandan ke antre yo yap pratike chen manje chen.

 

Ebyen menm jan yon ti etensèl dife sifi pou boule tout yon forè bwa, Lespri papa BonDye te jete reyon limyè’l nan lespri nou, e revele nou mwayen pou nou itilize teknoloji entènèt ak tout lòt mwayen posib nan sèvis evanjelizasyon.

Finalman, nou rive konprann se poun kòmanse distribye pa pakèt, fèy papye ki gen mesaj sa-a ladan’l e sa va sèvi kòm temwayaj pou tout nasyon, tout ras e tout peyi sou la tè. Chak travayè ke Mèt la chwazi va tankou yon may nan yon chenn byen long ki va rive nan Jerizalèm, peyi la Jide, la Samari e jouk nan dènye bout la tè. Sa-a se yon lide tout pastè kou layik te kore.Laodise (Pèp BonDye a) se lè pou nou reveye nou, fè je nou klè, pase dlo nan je nou poun ka retire kò kraz espirityèl sa-a. Ann leve kanpe ansanm pou mete men nan men avèk nou, pou travay sa-a ka fèt.

bottom of page